Joint DOJ-DOL-NLRB-EEOC Fact Sheet: Retaliation Based on Exercise of Workplace Rights Is Unlawful (Creole)

us-doj-guidance-DOJ-1351536Joint DOJ-DOL-NLRB-EEOC Fact Sheet: Retaliation Based on Exercise of Workplace Rights Is Unlawful (Creole)Guidance

Fèy Enfòmasyon: Vanjans ki Baze sou Egzèsis Dwa nan Travay Se yon Zak ki Ilegal
Ajans federal ki responsab pou aplike dwa travayè yo ap chèche pwoteje tout travayè kont eksplwatasyon
ak vyolasyon, kèlkeswa kondisyon imigrasyon yo. Men, anpil travayè dekouraje oswa jwenn anpèchman
pou yo egzèse dwa yo nan travay la paske yo pè pou patwon yo fè vanjans kont yo. Nan kèk ka, patwon yo
ka eksplwate kondisyon imigrasyon travayè pou dekouraje yo egzèse dwa yo. Anjeneral, lwa Etazini entèdi
patwon yo fè vanjans kont travayè yo poutèt yo egzèse dwa yo nan travay yo, kèlkeswa kondisyon
imigrasyon travayè yo. Aplikasyon efikas dwa travayè‐yo ak dwa travay entèdi patwon ak lot moun pou
pran vanjans kont yon travayè poutèt li potè plent pou diskriminasyon, li tè patisipè nan yon ankèt, oubyen
li pa dako ak pratik diskriminatwa. Fèy enfomasyon sa endikè vanjans kont travayè ki egzèse dwa yo nan
travay la se yon zak ki illegal, kèlkeswa kondisyon imgrasyon travayè yo.
Vanjans Anba Lwa sou Prensip Travay Onèt (Fair Labor Standards Act)
Lwa sou Prensip Travay Onèt (Fair Labor Standards Act, FLSA) detèmine pwoteksyon sale minimom ak
travay siplemantè pou anpil travayè nan Lamerik, epitou se Divizyon Salè ak Orè Travay (Wage and Hour
Division) Depatman Travay Etazini (U.S. Department of Labor) ki aplike lwa a. FLSA entèdi vanjans tou kont
nenpòt moun ki depoze yon plent nan Depatman an oswa ba yon patwon (aloral oswa alekri) oswa ki
kolabore avèk yon ankèt FLSA. Yon priyorite enpòtan pou Divizyon Salè ak Orè Travay se pwoteje travayè yo
kont vanjans epi asire ke yo pa anba menas oswa kraponay poutèt yo egzèse dwa yo.
Travayè ki pa gen otorizasyon pou yo travay gen dwa pou touche salè minimòm nan ak salè pou travay
siplemantè yo fè anba FLSA nan menm degre avèk lòt travayè yo. Li ilegal pou yon patwon revoke travayè
yo oswa fè diskriminasyon kont yo nan nenpòt mannyè nan vanjans poutèt travayè yo reklame salè
minimòm oswa salè pou travay siplemantè (ki kapab gen ladan pwoblèm salè kòm dediksyon oswa
poubwa) oswa poutèt travayè yo kolabore nan yon ankèt FLSA. Pwoteksyon sa yo aplike kèlkeswa
kondisyon imigrasyon travayè yo. Pa egzanp, li ta ilegal pou yon patwon rapòte yon travayè ki pa gen papye
imigrasyon ba otorite imigrasyon pou li vanje poutèt travayè a depoze yon reklamasyon salè. Kèk rekou pou
vyolasyon avèk vanjans ka limite pou travayè ki pa gen otorizasyon pou yo travay.
Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri gade Divizyon Salè ak Orè Travay Fèy Enfòmasyon #77A: Entèdiksyon
pou Vanjans Anba FLSA oswa ale sou sitwèb Divizyon Salè ak Orè Travay: http://www.wagehour.dol.gov.
Pou depoze yon plent konsènan vyolasyon salè oswa vanjans, rele liy enfòmasyon ak liy èd gratis, ki
disponib ant 8 a.m. ak 5 p.m. nan lè zòn ou, 1‐866‐4USWAGE (1‐866‐487‐9243). Gen sèvis lang ki disponib
epitou koutfil yo konfidansyèl.
Complete printed PDF page 1
2
Vanjans Anba Lwa Administrasyon Sekiritè ak Santè nan Travay (Occupational Safety and Health
Administration) aplikè
Administrasyon Sekiritè ak Sant è nan Travay (Occupational Safety and Health Administration, OSHA)
Depatman Travay Etazini aplike prensip ak règleman sou sekirite ak sante nan travay ak lòt dwa travayè yo
anba Lwa sou Sekirite ak Sante nan Travay (Occupational Safety and Health, OSH). Lwa OSH entèdi patwon
yo fè vanjans kont anplwaye yo poutèt anplwaye yo egzèse dwa yo anba lwa OSH. Kèk nan dwa sa yo dwa
pou depoze yon plent nan OSHA, dwa pou patisipe nan yon enspeksyon oswa dwa pou pale avèk yon
enspektè, dwa pou jwenn aksè nan dosye patwon an pou anplwaye ki ekspoze nan danje ak anplwaye ki
pran chòk, dwa pou rapòte yon chòk, epitou dwa pou fè yon plent sou sekirite oswa sante ba patwon an. Li
ilegal pou yon patwon revoke travayè yo pou yo fè vanjans kont travayè yo poutèt travayè yo depoze
reklamasyon dapre Lwa OSH oswa poutèt yo kolabore nan yon ankèt OSHA, kèlkeswa kondisyon imigrasyon
yo. Answit, OSHA aplike dispozisyon 21 lòt lwa konsènan denonsyatè ki pwoteje anplwaye ki denonse
vyolasyon ki asosye avèk sekirite anviwònman ak sekirite nikleyè, endistri transpò, ak pwoteksyon
konsomatè ak envestisè. Travayè ki pa gen otorizasyon pou yo travay pwoteje anba dispozisyon anti‐
vanjans OSHA aplike, menmsi ka gen kèk limit sou rekou ki disponib pou yo.
Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou sitwèb OSHA: http://www.whistleblowers.gov (also available
nan lang Panyòl sou sitwèb http://www.whistleblowers.gov/index_sp.html). Pou depoze yon plent
konsènan sekirite nan travay, tanpri ale sou sitwèb:
http://www.osha.gov/pls/osha7/eComplaintForm.html] (ki disponib nan lang Panyòl tou sou sitwèb
http://www.osha.gov/pls/osha7/ecomplaintform_sp.html); pou depoze yon plent konsènan vanjans, tanpri
ale sou sitwèb: http://www.whistleblowers.gov/complaint_page.html (ki disponib nan lang Panyòl tou sou
sitwèb http://www.whistleblowers.gov/complaint_page_sp.html).
Vanjans Kontraktè Federal Anba Lwa Opòtinite Travay Egalego Biwo Pwogram Konfòmite avèk Kontra
Federal (Office of Federal Contract Compliance Programs) Depatman Travay (Department of Labor)
Aplike
Biwo Pwogram Konfòmite avèk Kontra Federal (Office of Federal Contract Compliance Programs, OFCCP)
aplike lwa ki entèdi kontraktè federal yo (konpayi k ap fè biznis avèk Gouvènman federal) fè diskriminasyon
nan travay akòz ras, koulè, relijyon, sèks (ansanm ak gwosès ak pwoblèm medikal ki asosye), idantite
seksyèl (tankou kondisyon transjan), preferans seksyèl, peyi kote moun sot, andikap oswa kondisyon kòm
yon veteran pwoteje. Tout lwa sa yo OFCCP aplike yo konsidere li ilegal pou revoke moun (moun ki aplike
pou travay, anplwaye oswa ansyen anplwaye), degrade yo, asele ye, oswa fè vanjans kont yo paske yo te
depoze plent pou diskriminasyon ba OFCCP, paske yo te depoze plent ba patwon yo oswa ba lòt moun
konsènan diskriminasyon nan djòb la, oswa paske yo te patisipe nan nenpòt aktivite ki gen pou wè ak
administrasyon lwa OFCCP aplike (tankou ankèt sou yon plent oswa evalyasyon konfòmite kontraktè) oswa
nan nenpòt aktivite ki gen pou wè ak administrasyon nenpòt lòt lwa federal, lwa leta oswa lwa lokal ki
egzije pou gen opòtinite travay egalego. Vanjans ilegal anba lwa OFCCP aplike yo ka gen ladan nenpòt
konduit ki ta ka byen dekouraje yon travayè rezonab pou li depoze plent pou diskriminasyon. Lwa sa yo
aplike pou tout moun, kèlkeswa kondisyon imigrasyon yo, menmsi kèk rekou ka limite pou travayè ki pa gen
otorizasyon pou yo travay.
Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou sitwèb OFCCP: http://www.dol.gov/ofccp oswa rele liy Sèvis Èd
gratis nan nimewo 1‐800‐397‐6251. Pou depoze yon plent pou diskriminasyon oswa vanjans, ranpli fòm
plent lan. Li disponib nan anpil lang, sou sitwèb OFCCP.
Complete printed PDF page 2
3
Vanjans Anba Tit VII Lwa konsènan Dwa Sivil (Civil Rights Act), Lwa konsènan Salè Egalego (Equal Pay
Act), Lwa kont Diskriminasyon nan Travay akòz Laj (Age Discrimination in Employment Act), Lwa anfavè
Ameriken Andikape (Americans with Disabilities Act), ak Lwa kont Diskriminasyon akòz Enfòmasyon
Jenetik (Genetic Information Nondiscrimination Act)
Komisyon pou Opòtinite Travay Egalego (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) aplike lwa ki
entèdi patwon yo, ajans plasman nan travay yo oswa sendika yo fè diskriminasyon nan travay akòz ras,
koulè, relijyon, sèks (tankou gwosès ak pwoblèm medikaman asosye, idantite seksyèl [tankou kondisyon
transjan] ak preferans seksyèl), peyi kote moun soti, laj (40 tan oswa plis), andikap oswa enfòmasyon
jenetik. Tout lwa sa yo EEOC aplike yo konsidere li ilegal pou revoke moun (moun ki aplike pou travay,
anplwaye oswa ansyen anplwaye), degrade yo, asele yo, oswa fè vanjans kont yo paske yo tè depozè
akizasyon pou diskriminasyon ba EEOC, paske yo te depoze plent ba patwon yo oswa ba lòt ajans konsène
poutèt yo patwon yo te fè diskriminasyon nan djòb la, oswa paske yo te patisipe nan nenpòt pwosedi
konsènan diskriminasyon nan travay (tankou yon ankèt oswa yon pwosè). Vanjans ilegal anba lwa EEOC
aplike yo ka gen ladan nenpòt konduit ki ta ka byen dekouraje yon travayè rezonab pou li depoze plent pou
diskriminasyon. Lwa sa yo aplike pou tout moun, kèlkeswa kondisyon imigrasyon yo, menmsi kèk rekou ka
limite pou travayè ki pa gen otorizasyon pou yo travay.
Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou sitwèb EEOC: http://www.eeoc.gov. Pou depoze yon akizasyon
diskriminasyon oswa vanjans ou ta dwe kontakte biwo EEOC ki pi pre ou oswa ou ta dwe rele nimewo 1‐
800‐669‐4000. Answit, ou kapab ranpli yon evalyasyon sou entènèt sou sitwèb
http://www.eeoc.gov/employees/howtofile.cfm.
Vanjans Anba Lwa Nasyonal sou Relasyon Travay
Komisyon Nasyonal Relasyon Travay (National Labor Relations Board, NLRB) aplike Lwa Nasyonal sou
Relasyon Travay (National Labor Relations Act, NLRA), ki pwoteje dwa travayè pifò sektè prive a pou yo
fòme yon òganizasyon travayè (sendika), pou yo antre nan youn, pou yo soti nan yon sendika oswa pou yon
ede youn, epitou pou yo negosye angwoup avèk patwon yo avèk èd reprezantan yo chwazi, oswa pou yo pa
patisipe nan aktivite sa yo. Anplwaye yo ka fòme yon òganizasyon tou pou yo amelyore relasyon ak
kondisyon travay yo san yon sendika. Lalwa entèdi patwon yo pou yo jennen anplwaye yo lè anplwaye yo
ap egzèse dwa yo pou yo fòme yon sendika, pou yo antre nan youn oswa pou yo ede youn pou
negosyasyon angwoup avèk patwon yo, oswa pou yo travay ansanm pou amelyore relasyon ak kondisyon
travay yo, oswa lalwa entèdi patwon yo pou yo bloke nenpòt aktivite konsa. Menm jan tou, sendika yo pa
ka jennen anplwaye yo lè anplwaye yo ap egzèse dwa sa yo.
Travayè ki pa gen otorizasyon pou travay gen pwoteksyon avèk NLRA, ansanm avèk pwoteksyon kont
vanjans. Men, re‐entegrasyon ak aryere salè pa disponib kòm solisyon legal pou anplwaye ki pa gen
otorizasyon pou yo travay. Gade seksyon ki anba la a, Èske Travayè Ki Pa Gen Otorizasyon pou yo Travay
Gen Dwa pou Touche Aryere Salè?
Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou sitwèb NLRB: http://www.nlrb.gov. Pou depoze yon akizasyon
konsènan vyolasyon oswa vanjans kont yon patwon oswa yon sendika, ou gen yon kantite posiblite. Ou k
rele liy enfòmasyon gratis la nan nimewo 1‐866 667‐NLRB (6572), k ap transfere ou ba biwo filyal NLRB
lokal. Ou ka ale nan yon biwo filyal NLRB lokal tou pandan lè biwo louvri oswa ou ka imèl yon akizasyon ba
yon biwo filyal NLRB lokal. Ou kapab jwenn yon anyè biwo filyal NLRB ki gen enfòmasyon pou pran kontak
ak lè fonksyònman an sou sitwèb https://www.nlrb.gov/who‐we‐are/regional‐offices, ak fòm pou depoze
akizasyon yo sou sitwèb https://www.nlrb.gov/resources/forms. Ou ka depoze yon akizasyon sou fòm
elektwonik sou sitwèb NLRB nan https://apps.nlrb.gov/eservice/efileterm.aspx?app=chargeandpetition
Complete printed PDF page 3
4
Vanjans Anba Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite (Immigration and Nationality Act) ak Sèten Pwogram
Viza Non‐Imigran
Biwo Konseye Espesyal (Office of Special Counsel, OSC) pou Pratik Travay Malonèt nan Afè Imigrasyon nan
Divizyon Dwa Sivil (Civil Rights Division) Depatman Lajistis Etazini (U.S. Department of Justice) aplike
dispozisyon kont diskriminasyon Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite (Immigration and Nationality Act, INA).
Dispozisyon sa a entèdi patwon yo fè diskriminasyon nan anbochaj, revokasyon oswa rekritman oswa
referans pou yon frè ki baze sou sitwayènte oswa kondisyon imigrasyon; li entèdi patwon ki tonbe deyò
jiridiksyon EEOC fè diskriminasyon nan anbochaj, revokasyon oswa rekritman oswa referans pou frè ki baze
sou peyi kote anplwaye a soti; li entèdi patwon yo fè diskriminasyon nan pwosesis pou verifye kalifikasyon
yon travayè pou li travay (Fòm I‐9 ak pwosesis E‐Verify) ki baze sou peyi kote anplwaye a soti oswa ki baze
sou kondisyon imigrasyon li; epitou li entèdi patwon yo fè vanjans oswa kraponay kont moun ki depoze
akizasyon nan OSC, ki kolabore avèk yon ankèt OSC, ki konteste aksyon ki ka vyole lalwa, oswa k ap egzèse
dwa yo sou non yo oswa sou non lòt moun anba dispozisyon INA kont diskriminasyon.
Pou jwenn plis enfòmasyon, rele Liy Dirèk Travayè OSC nan nimewo 1‐800‐255‐7688, ant 9 a.m. ak 5 p.m.,
Lè Zòn Lès (TTY pou moun ki mal pou tande: 1‐800‐237‐2515). Moun ki rele yo pa bezwen di non yo epitou
gen sèvis lang ki disponib. Ou kapab ale sou sitwèb http://www.justice.gov/crt/about/osc tou pou jwenn
plis enfòmasyon sou OSC ak sou lwa l ap aplike a. Pou jwenn enfòmasyon sou fason pou depoze yon
akizasyon, ale sou sitwèb http://www.justice.gov/crt/filing‐charge.
Divizyon Salè ak Orè Travay (Wage and Hour Division) Depatman Travay (Department of Labor) aplike
pwoteksyon travayè yo nan pwogram viza non‐imigran H‐1B (travayè pou yon ti tan ki gen anpil ladrès), H‐
2A (travayè agrikòl pou yon ti tan), ak H‐2B (travayè non‐agrikòl pou yon ti tan). Anjeneral, patwon travayè
H‐2A ak travayè H‐2B yo pa ka fè kraponay, menas, restriksyon, presyon, mete sou lis nwa, revokasyon,
oswa diskriminasyon nan okenn mannyè kont nenpòt moun ki te depoze yon plent, ki te bay temwayaj
oswa ki pral bay temwayaj nan yon pwosedi, ki te chita pale avèk yon avoka oswa yon pwogram èd legal,
oswa ki te egzèse oswa aplike nenpòt dwa oswa pwoteksyon anba pwogram sa yo oswa INA sou non li oswa
sou non lòt moun. Patwon yo pa ka fè vanjans oswa yo pa ka fè diskriminasyon kont travayè H‐1B ki
denonse vyolasyon yo oswa ki kolabore nan pwosedi konsènan si patwon an konfòme li avèk pwogram nan.
Pou depoze yon plent konsènan vanjans nan pwogram viza non‐imigran, rele liy enfòmasyon ak liy èd gratis,
ki disponib ant 8 a.m. ak 5 p.m. nan lè zòn ou, 1‐866‐4USWAGE (1‐866‐487‐9243). Gen sèvis lang ki disponib
epitou koutfil yo konfidansyèl.
Èske Travayè Ki Pa Gen Otorizasyon Pou Travay Gen Dwa pou Touche Aryere Salè?
Anjeneral, “aryere” salè gen de kategori salè pa èdtan ladan: (a) salè pa èdtan ou touche pou travay travayè
fè, ak (b) salè pa èdtan yo akòde ou pou travay travayè te ka fè si patwon an pa t revoke li ilegalman.
Travayè ki pa gen otorizasyon pou yo travay toujou gen dwa pou premye kategori aryere salè a, oswa pou
salè yo touche pou travay yo fè, epitou yo toujou gen dwa pou sèten lòt rekou jan sa apwopriye anba dwa
travayè yo ak dwa travay.
Gen kèk limit sou dezyèm kategori aryere salè a, oswa salè pa èdtan pou travayè ki pa gen otorizasyon pou
travay anrapò avèk travay yo te fè. Tribinal Siprèm Etazini te pran yon desizyon nan Hoffman Plastic
Compounds, Inc. kont NLRB, 535 U.S. 137 (2002). Dapre desizyon sa a, NLRB pa kapab akòde aryere salè ba
yon travayè ki pa gen otorizasyon pou travay epi ki te jwenn revokasyon li ilegalman nan vanjans patwon an
fè kont li poutèt li patisipe nan yon kanpay pou òganize sendika pou travay travayè a te ka si patwon an pa t
revoke li ilegalman. Men, si yon travayè ki gen otorizasyon pou travay jwenn revokasyon li ilegalman,
Complete printed PDF page 4
5
anjeneral nou kapab akòde aryere salè pou travayè sa a pou travay li te ka fè si patwon an pa t revoke li.
Yon travayè toujou gen dwa pou touche pou travay li fè toutbon, kèlkeswa kondisyon imigrasyon li.
Pou jwenn enfòmasyon siplemantè sou rekou yo, tanpri gad è :
Memorandòm Konseye Jeneral NLRB:
 	GC 15‐03 Pwosedi Modifye nan Rezoud Pwoblèm Kondisyon Imigrasyon ki Prezante Pandan
Pwosedi sou Pratik Travay Malonèt
 	GC 98‐15 Rekou pou Re‐Entegrasyon ak Aryere Salè pou Anplwaye ki Viktim Diskriminasyon Ki Ka Se
Etranje ki Pa Gen Papye Imigrasyon Dapre Dènye Rekou Komisyon an ak Tribinal
 	GC 02‐06 Pwosedi ak Rekou pou Anplwaye ki Viktim Diskriminasyon Ki Ka Se Etranje ki Pa Gen
Papye Imigrasyon apre Hoffman Plastic Compounds, Inc.
Depatman Travay Etazini, Divizyon Salè ak Orè Fèy Enfòmasyon #48: Aplikasyon Dwa Travayè Etazini pou
Travayè Imigran yo: Efè desizyon Hoffman Plastics sou lwa Divizyon Salè ak Orè Travay aplike
Dat Dènye Mizajou: 10 Desanm 2015
Complete printed PDF page 5

Continue your research in ChatGPT or Claude

Connect Omnilex to search the legal corpus from your AI assistant.