us-doj-guidance-CRT-1315961•Workers with Temporary Protected Status: Protect Your Right to Work (Haitian Creole)
Workers with Temporary Protected Status: Protect Your Right to Work (Haitian Creole)
us-doj-guidance-CRT-1315961Workers with Temporary Protected Status: Protect Your Right to Work (Haitian Creole)Guidance
Depatman Jistis Ameriken, Divizyon Dwa Sivil, Seksyon Dwa pou Imigran ak Anplwaye, Oktòb 2018 DEPATMAN JISTIS AMERIKEN DIVIZYON DWA SIVIL SEKSYON DWA POU IMIGRAN AK ANPLWAYE stati Pwoteksyon Tanporè (TPS) bay yon travayè yon dwa tanporè pou rete Ozetazini. Si w gen TPS, ou kalifye pou yon pèmi travay, ki rele tou yon Dokiman Otorizasyon Travay (EAD). Moun sa yo ki sou Depòtasyon Obligatwa Pwolonje (DED) gen dwa sa a tou pou travay, epi anjeneral, enfòmasyon anba a aplike pou travayè yo ki sou DED anplis travayè ki gen TPS yo. W ap jwenn lwa a ki gouvène zafè TPS nan 8 U.S.C. § 1254(a) epi règleman yo nan 8 C.F.R. 244. Prezidan an ka otorize DED kòm pati nan pouvwa Prezidan an pou mennen relasyon etranjè yo. Règleman sou kategori moun ki kalifye pou pèmi travay yon nan 8 C.F.R. 274a.12. EAD w kapab kontinye valab apre dat ekspirasyon li a. Gouvènman an kapab pwolonje TPS pou peyi w. Gouvènman an anonse pwolonjman TPS nan Achiv Federal la. Si gouvènman an pwolonje TPS pou peye w, Achiv Federal la ap fè w konnen w dwe re-enskri pou TPS epi aplike pou yon nouvo EAD pou kontinye travay. Pafwa, gouvènman an pwolonje EAD TPS yo tou atravè Achiv Federal la. Achiv Federal la ap enfòme si wi ou non EAD w gen yon nouvo dat ekspirasyon otomatikman yon fason pou w ka kontinye travay pandan w ap rete tann nouvo EAD ou a. Ale nan sitwèb www.uscis. gov/tps pou enfòmasyon sou TPS pou peyi w avèk avi Achiv Federal la. Si gouvènman an pa pwolonje EAD w otomatikman nan avi Achiv Federal la, men ou te aplike pou renouvle EAD TPS ou, ou kapab kontinye travay apre dat ekspirasyon ki nan EAD ou a pandan w ap tann nouvo EAD ou a. ESTATI PWOTEKSYON TANPORÈ POU ANPLWAYE YO PWOTEJE DWA OU POU TRAVAY E Pandan 180 jou apre dat ekspirasyon EAD ou a, ou kapab montre EAD TPS ou (men se pa DED) avèk avi resi I-797C a ki montre kote gouvènman an te resevwa aplikasyon pou renouvle EAD ou a. Si avi Achiv Federal la otomatikman pwolonje EAD ou a, ou pa bezwen montre yon I-797C avèk EAD ou a pou kontinye travay. Pou plis enfòmasyon sou pwolonjman otomatik EAD yo, al li USCIS Fact Sheet, Handbook for Employers on Completing the Form I-9 la, avèk 8 C.F.R. 274a.2(b)(1)(vii). Ou kapab rele tou Seksyon Dwa pou Imigran ak Anplwaye (IER) pou plis enfòmasyon.
Depatman Jistis Ameriken, Divizyon Dwa Sivil, Seksyon Dwa pou Imigran ak Anplwaye, Oktòb 2018 Bwochi sa a se pa yon aksyon final ajans la, li pa gen okenn angajman legal epi yo kapab anile oswa modifye li tou depann de diskresyon Depatman an, dapre lwa ki aplikab yo. Bwochi sa a pa etabli responsablite pou okenn ranfòsman legal ki depase sa ki obligatwa dapre kondisyon lwa ki aplikab yo, règleman oswa obligasyon jidisyè anvan yo. Seksyon Dwa pou Imigran ak Anplwaye (IER) 1-800-255-7688 www.justice.gov/ier Apèl yo gen dwa anonim epitou gen sèvis lang yo ki disponib. TTY 1-800-237-2515 EAD w valab jis nan fen peryòd pwolongasyon EAD an. Si w gen yon EAD ki te pwolonje otomatikman, EAD ou a oswa konbinezon EAD w ak I-797C yo se dokiman Fòm I-9 ki valab jis nan fen peryòd pwolongasyon EAD a. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou sa lè w kontakte IER ak nan 8 C.F.R. 274a.2(b)(1)(vii). Si patwon w pa aksepte dokiman w oswa mande plis dokiman, rele IER epi nou ap kapab ede w. Depann de enfòmasyon yo, sa kapab vyole tou lwa ranfòsman IER dapre 8 U.S.C. § 1324b(a)(6). Apati fen peryòd pwolongasyon EAD a, ou bezwen montre patwon w ou elijib pou kontinye travay. Lè peryòd pwolongasyon EAD a fini, EAD sa a pa valab ankò. Dapre yon lòt lwa ki diferan (8 U.S.C. § 1324a), patwon w bezwen wè yon lòt dokiman pou Fòm I-9 la pou wè si wi ou non ou otorize pou travay. Apati fen peryòd pwolongasyon sa a, ou ta dwe genyen nouvo EAD ou a. Ou kapab montre patwon w dokiman sa a oswa nenpòt lòt dokiman nan Lis A oswa Lis C ki akseptab. Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon Ameriken (USCIS) 1-800-375-5283 www.uscis.gov/tps TTY 1-800-767-1833
Continue your research in ChatGPT or Claude
Connect Omnilex to search the legal corpus from your AI assistant.