us-doj-guidance-CRT-1315811•Promising Practices - Language Access in Emergency Preparedness, Response, and Recovery (Haitian Creole)
Promising Practices - Language Access in Emergency Preparedness, Response, and Recovery (Haitian Creole)
us-doj-guidance-CRT-1315811Promising Practices - Language Access in Emergency Preparedness, Response, and Recovery (Haitian Creole)Guidance
Konsèy pou Gouvènman Leta epi Gouvènman Lokal ak Lòt Resevan ki Asiste Federalman ki Angaje nan Preparasyon, Repons, Diminisyon Dega, ak Rekiperasyon nan Ijans nan Konfòmite avèk Tit VI nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil yo Depatman Jistis an Etazini (DOJ), Homeland Sekirite (DHS), Lojman ak Devlopman Iben (HUD), Sèvis Sante ak Sèvis Imen (HHS), ak Transpò (DOT) yo founi dokiman konsèy sa a pou ede resevan nan asistans finansye federal angaje nan jesyon ijans (egzanp, ajans jesyon ijans leta ak lokal, otorite lalwa, founisè sèvis swen sante, otorite nan lojman ak transpò piblik) pou asire ke moun ak kominote ki afekte nan dezas1 pa fè fas a diskriminasyon ilegal sou baz ras, koulè, oubyen orijin nasyonal (ansanm ak konpetans limite nan angle) an vyolasyon de Tit VI nan Lwa sou Dwa Sivil 1964 (Tit VI).2 Annapre Siklòn Katrina ak Rita, nou aprann anpil leson kritik sou ki jan resevan asistans finansye federal angaje nan aktivite jesyon ijans ka pi byen asire ke tout manm nan kominote a resevwa sèvis, kèlkeswa ras, koulè, oubyen orijin nasyonal. Dapre Règleman Prezidansyèl Direktiv 8, gouvènman federal la bay Chapant Repons Nasyonal lan avèk Chapant Rekiperation pou Katastwòf Nasyonal, gid sou repons nasyonal nan tout kalite dezas ak ijans epi yon sipò rekiperasyon efikas nan zòn afekte nan katastwòf la.3 Chapant Rekiperasyon lan note ke "Fè atansyo pou asire ke aksyon, volontè ak envolontè, pa eskli gwoup moun baze sou ras, koulè, orijin nasyonal (baze tout sou konpetans nan angle), relijyon, sèks oswa andikap."4 Tou de Chapant yo mete aksan sou enpòtans ki genyen nan konfòme ak egzijans kont diskriminasyon nan lwa dwa sivil, rezoud bezwen kominote a tout antye, epi asire opòtinite egal pou jwenn aksè nan efò rekiperasyon yo. 1 Pou rezon ki nan konsèy sa a, "dezas" oswa "ijans" enkli nenpòt katastwòf natirèl (ki gen ladan siklòn, tònad, tanpèt, dlo ki wo, dlo van kondwi, vag mare, tsunami, tranbleman tè, eripsyon vòlkanik, glisman teren, glisman labou, tanpèt nèj, oswa sechrès) oswa, kèlkeswa kòz la, nenpòt dife, inondasyon, eksplozyon, zak teworis oswa lòt aksyon ke moun prepare, oswa sante piblik oswa kriz byolojik, ki nan detèminasyon Prezidan an, yon ajans federal, oswa gouvènman Leta a oswa gouvènman lokal konstitye yon ijans. Li enkli tou nenpòt ki evènman sa yo ki detèmine pa lidèchip nan antite resevan ki lakòz oswa ki gen sa kapab lakòz domaj nan ase gravite ak mayitid pou merite prevantif, repons, kontwol dega, oswa mezi rekiperasyon deyò chan biznis nòmal resevan a nan. Konsèy sa a pa limite nan dezas oswa ijans ki deklare pa prezidan. 2 42 U.S.C. § 2000d. 3 National Response Framework, FEMA (2d ed., Me 2013), disponib nan http://www.fema.gov/media-library- data/20130726-1914-25045-1246/final_national_response_framework_20130501.pdf; National Disaster Recovery Framework, (FEMA septanm 2011) disponib nan http://www.fema.gov/media-library-data/20130726-1820-25045- 5325/508_ndrf.pdf; Presidential Policy Directive 8, ki disponib nan https://www.dhs.gov/presidential-policy- directive-8-national-preparedness; National Preparedness Goal, ki disponib nan https://www.fema.gov/national- preparedness-goal. 4 National Disaster Recovery Framework, 9 (FEMA septanm 2011), ki disponib nan http://www.fema.gov/media- library-data/20130726-1820-25045-5325/508_ndrf.pdf.
Konsèy sa a bay yon apèsi de aplikasyon Tit VI lan nan jesyon ijans ak dezas, ak egzanp nan pratik ki pwomèt proteje kont diskriminasyon sou baz ras, koulè, ak orijin nasyonal. Anplis de sa, nou tache avèk konsèy sa a kèk resous ki itil, ki ka ede resevan nan asistans finansye federal yo konprann obligasyon dwa sivil yo tout antye: (i) Konsèy ak Zouti pou rive jwenn Kominote ak Konpetans limite nan lang angle nan Preparasyon Ijans, Repons, ak Rekiperasyon, ki asire ke Kominote ak Konpetans limite (LEP) nan lang angle yo gen bon aksè a sèvis ki gen rapò ak ijans; ak (ii) yon Lis Kontwòl pou Resevan nan Asistans Finansye Federal, ki fasilite entegrasyon an nan kominote a tout antye nan aktivite ki gen rapò ak ijans.5 Lis nan pratik ki pwomèt yo e ki pa konplè e ki diskite nan konsèy sa a konsantre sou planifye alavans. Men, kòm nou deja konnen nan jesyon ijans ak dezas, planifikasyon ak preparasyon solid diminye bezwen pou yon repons enpwovize pou fè fas a sikonstans ki egzijan. Nan kèk ka li ka fè tout diferans lan nan prezève lavi premye sekouris yo e moun sa yo ki bezwen èd yo. Pratik ki pwomèt sa yo se youn nan anpil opsyon resevan yo ka aplike pou konfòme yo avèk kondisyon kont diskriminasyon nan Tit VI ak Tit VI règleman yo. Resevan nan asistans finansye federal ki bay enfòmasyon oswa sèvis nan koneksyon avèk dezas dwe konfòme ak tout lòt dispozisyon anti-diskriminasyon federal yo tou, ansanm ak entèdiksyon kont diskriminasyon ak obligasyon afimatif espesifik pou tout aktivite asiste pa gouvènman federal ki baze sou andikap, sèks, relijyon, laj, sitiyasyon ekonomik, oswa sitiyasyon familyal.6 Tit VI sou Dwa Sivil nan Lwa 1964 Tit VI ak regilasyon aplikasyon li a oblije resevan nan asistans finansye federal yo asire absans diskriminasyon nan preparasyon, repons, alèjman, ak rekiperasyon nan tout pwogram e aktivite asiste pa gouvènman federal yo ki gen pou wè ak ijans. Tout resevan dwe konfòme yo avèk Tit VI, osi byen ke lòt lwa kont discrimination, nan tout tan ansanm ak pandan ijans. Tit VI bay li "[O]ken moun nan Etazini dwe, poutèt ras, koulè, oswa orijin nasyonal, dwe ekskli nan patisipasyon nan, dwe refize jwenn benefis ki genyen nan, oswa viktim diskriminasyon nan okenn pwogram oswa aktivite pandan ke lap resevwa asistans finansye federal”7 regilasyon aplikasyon Tit VI nan eksplike ke resevan nan asistans finansye federal: ... [P]a dwe, dirèkteman oswa atravè sou kontra oswa lòt aranjman, itilize kritè oswa metòd administrasyon ki gen efè diskriminasyon kont moun poutèt ras, koulè, oubyen 5 Kondisyon Dwa Sivil yo ak pratik efikas ki gen rapò ak moun ki gen andikap nan jesyon ijans parèt nan chapit 7 nan ADA Best Practices Tool Kit for State and Local Governments nan http://www.ada.gov/pcatoolkit/chap7emergencymgmt.htm. 6 Lòt lwa ki entèdi diskriminasyon enkli, men yo pa limite a, Robert T. Stafford Disaster and Emergency Assistance Act, 42 U.S.C. § 5121 et seq. (2013) (selon amannman nan Lwa 2006 sou Refòm ak Jesyon Ijans Apre Katrina nan); nan the Americans with Disabilities Act of 1990, 42 U.S.C. § 12101; Section 504 of the Rehabilitation Act of 197329 U.S.C. § 794; Title IX of the Education Amendments of 1972, 20 U.S.C. § 1681 et. seq.; the Fair Housing Act of 1968, 42 U.S.C. § 3601 et seq.; HUD’s Final Rule on Affirmatively Furthering Fair Housing, 24 C.F.R. Parts 5, 91, 92, et al., e The Age Discrimination Act, 42 U.S.C.6101 et seq. 7 42 U.S.C. § 2000d.
orijin nasyonal, oswa ki gen efè detwi oswa afekte akonplisman objektif yo nan pwogram nan kòm respekte moun nan yon ras, koulè, oubyen orijin nasyonal an patikilye.8 Tèks ak règleman ajans nan Tit VI klarifye ke diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, oubyen orijin nasyonal (ansanm konpetans limite nan lang angle) entèdi. Resevan asistans finansye federal yo entèdi mete ann aplikasyon règleman ak pratik ki parèt netral ki gen yon enpak disproporsyone sou gwoup pwoteje. Anplis de sa, Tit VI mande pou resevan yo asire ke moun LEP gen anpil aksè nan pwogram oswa aktivite yo, benefis yo, sèvis yo, ak enfòmasyon enpòtan yo. Pou evite vyolasyon lalwa federal, resevan dwe asire ke aksyon yo pa gen eksklizyon moun poutèt ras yo, koulè yo, oubyen orijin nasyonal yo, ansanm ak konpetans limite nan lang angle. Entèdiksyon an kont diskriminasyon sou baz ras, koulè, ak orijin nasyonal pa janm ka egzante. Resevan nan asistans finansye federal angaje nan aktivite jesyon ijans, menm jan tou ak resevan ki bay sèvis ki gen rapò ak ijans, tankou founisè sante9 ak ajans ki fè respekte lalwa, dwe konfòme yo avèk Tit VI nan tout tan. An reyalite, konfòme ak kondisyon sa yo li menm vin plis enpòtan pandan ijans ak katastwòf yo pou asire ke yo pa refize enjisteman pèsonn resevwa sèvis sa yo ak sipò yo bezwen pandan tan ki gen kriz, lè sekirite fizik yo oswa byennèt yo souvan nan pi gwo risk, e lè anpil nan resous yo te ka otreman itilize pou sipò ka pa disponib. Bon planifikasyon pou konfòme avèk egzijans Tit VI evite konplikasyon enpoze pa nesesite ijans ak katastwòf yo. Nesesite pou Konsèy sa a Le 29 Out 2005, Siklòn Katrina te rantre nan Louisiana, ravaje kominote bò lanmè li yo, osi byen ke Mississippi, Alabama, ak anpil nan pati sidès peyi Etazini. Sèlman yon kèk semèn apre, siklòn Rita frape plaj Texas la anvan ke li frape anpil nan menm kominote sa yo kit e toujou ap eseye pran fòs apre dega kit e fèt yo apre veye Katrina. Ansanm, tanpèt sa yo lakòz lanmo 1,800 moun. Dè milye lòt moun pèdi kay yo ak kominote yo ke yo te devlope sou plizyè jenerasyon. Pandan ke ijans ak katastwòf afekte tout moun, kapasite pou kominote koulè yo jwenn aksè nan pwogram enpòtan rekiperasyon yo, aktivite yo, ak sèvis yo te souvan te antrave.10 8 Nondiscrimination in Federally Assisted Programs – Implementation of Title VI of the Civil Rights Act of 1964 (DOJ), 28 C.F.R. § 42.104(b). Al gade tout Nondiscrimination Under Programs Receiving Federal Assistance Through the Department of Health and Human Services Effectuation of Title VI of the Civil Rights Act of 1964, 45 C.F.R. § 80.3; Nondiscrimination in Federally-Assisted Programs of the Department of Transportation – Effectuation of the Civil Rights Act of 1964, 49 C.F.R. § 21.5; Nondiscrimination on the Basis of Race, Color, or National Origin in Programs or Activities Receiving Federal Financial Assistance from the Department of Homeland Security, 6 C.F.R. § 21.5; Nondiscrimination in Federally Assisted Programs of the Department of Housing and Urban Development – Effectuation of Title VI of the Civil Rights Act of 1964, 24 C.F.R. § 1.4. 9 Al gade Section 1557 of the Patient Protection and Affordable Care Act, 42 U.S.C. § 18116 (2010), ki entèdi diskriminasyon sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, laj, oswa andikap nan sèten pwogram ak aktivite sante; U.S. Department of Health and Human Services, Nondiscrimination in Health Programs and Activities, 81 Fed. Reg. 31376 (May 18, 2016), 45 C.F.R. Pati 92 (Ki dwe kodifye nan 45 C.F.R. Pati 92). 10 Al gade nan, e.g., Arloc Sherman and Isaac Shapiro, Essential Facts about the Victims of Hurricane Katrina, Center on Budget and Policy Priorities (2005), http://www.cbpp.org/9-19-05pov.htm; Lung Vu, et al., Evacuation
Pa egzanp, nan jou yo apre Siklòn Katrina te touche tè, anpil rapò medya te montre imaj Afriken-Ameriken bloke sou do kay nan New Orleans. Imaj sa yo ekspoze inegalite enpòtan nan aksè nan repons pou ijans ak efò rekiperasyon an. Plis pase yon tyè nan popilasyon Afriken Ameriken New Orleans lan pa te posede machin yo e plis ke 15% nan moun ki abite nan vil la konte sou transpò piblik.11 Men, moun ki t’ap planifye pou Katrina sanble panse ke pi fò moun te kapab konte sou machin pèsonèl pou evakye e bliye konsidere bezwen transpò pou tout segman popilasyon an. Idantifye bezwen yo nan kominote a ki depann de transpò piblik epi adrese bezwen sa yo nan planifikasyon ijans ka diminye oswa elimine diferans rasyal ak etnik, ansanm ak ekonomik, nan repons pou ijans ak aktivite rekiperasyon yo. Aksè san diskriminasyon pou lojman ak abri nan apre pasaj Katrina poze yon gwo defi tou pou kominote ki gen plisyè group rasyal ak plisyè group etnik. Anpil k’ap chèche lojman tanporè imedyatman rankontre diskriminasyon nan piblisite lokasyon ki klèman refize lwe Afriken Ameriken12 yo. Pa egzanp, yon reklam sou yon sit entènèt ki fèt pou rive jwenn moun ki evakye Katrina te li: "Founisè ap bay chanm ak tablo pou $400 men pwefere de fanm blan." Prèv kolekte pa tester lojman ekitab te jwenn ke nan 66% nan tout tès, moun Blan yo te favorize sou moun Afriken Ameriken ki tap chèche lojman lè yo sèvi avèk kontak disponib pou moun ki evakye Katrina13 yo. Yon tribinal federal te jwenn prèv pou diskriminasyon entansyonèl nan aksyon pa St. Bernard Parish, ki vwazen New Orleans, lè parish t'ap chache mete restriksyon sou opòtinite lojman pou lokasyon, ansanm ak aksyon pou sispann devlopman nan lojman pou lokasyon e adopte yon lwa kondisyon pèmi pou lokasyon fanmi inik ki egzante lokatè ki te "lye pa san" ak pwopriyetè kay yo. Anplis de sa, parish la chanje règleman dekoupaj an zòn pou diminye disponiblite a nan lokasyon pou lojman, ki te lajman konnen nan parish la kòm ke yo te planifye poiu abrite Ameriken Afriken nan apre pasaj Siklòn Katrina. Poutèt aksyon say o, parish yo fè fas a yon ankèt inisye pa HUD, yon pwosè DOJ, ak plizyè pwose prive ki pretann vyolasyon nan Lwa sou Lojman san Patipri epi li finalman peye plis pase $5 milyon dola nan domaj ak frè avoka pou rezoud ka yo.14 and Return of Vietnamese New Orleanians Affected by Hurricane Katrina, Organ Environ. 1, 22(4): 422-436 (December 2009), US sou Lasante Nasyonal nan http://www.ncbi.nlm.nih.gov/pmc/articles/PMC2943234. (Atik ki endike done resansman sou enpak Siklòn Katrina sou minorite, revni ba, ak popilasyon LEP yo). 11 Done yo sou kay avèk zewo machin yo sòti nan kesyon "machin disponib" sou resansman fòm long 2000. Al gade tou U.S. Gov’t Accountability Off., GAO-07-44, Transportation Disadvantaged Populations: Actions Needed to Clarify Responsibilities and Increase Preparedness for Evacuations (2006). 12 Al gade jeneralman U.S. Dep’t of Housing and Urban Development, Written Statement by Kim Kendrick, Ass't Sec. pou Lojman san Patipri ak Equal Opportunity devan Komite Reprezantan nan Kay Etazini an sou Soukomite Sèvis Finans sou Lojman epi Opòtinite nan Kominote (fevriye 28, 2006) disponib nan http://archives.hud.gov/testimony/2006/test022806.cfm (vizite dènye fwa, 17 fevriye 2016). 13 Temwayaj, Shanna L. Smith, Prezidan ak Direktè, Alliance Lojman san Patipri National an, Devan Soukomite Kominote nan Sèvis Finans nan Lojman ak Opòtinite Kominote, Fevriye 28, 2006, http://financialservices.house.gov/media/pdf/022806ss.pdf, (vizite dènye fwa, 17 fevriye 2016). 14 Piblikasyon Lapwès, Department of Justice, St. Bernard Parish, Louisiana Agrees to $2.5 Million Settlement to Resolve Housing Discrimination Lawsuits, (May 10, 2013), nan http://www.justice.gov/opa/pr/st-bernard-parish- louisiana-agrees-25-million-settlement-resolve-housing-discrimination. HUD peye plis pase $62 milyon dola konpansasyon adisyonèl bay pwopriyetè kay ak ti revni nan Louisiana apre Katrina apre yon pwosè defye fòmil yo pou konpansasyon ki te apwouve pa HUD kòm disproporsyonelmannan dezavantaje pwopriyetè kay Afriken Ameriken. Al gade nan, e.g., http://www.nola.com/crime/index.ssf/2014/12/in_post-katrina_housing_discri.html ak
Kalite pwoblèm sa yo pa te limite sèlman Siklòn Katrina: dezas ki vin apre nan lòt pati
nan peyi a fè yo konnen plis egzanp nan ki jan kominote nan koulè ak lòt popilasyon te refize
sèvis enpòtan e pwogram pou efò nan sekou kont katastwòf. Lè dife sovaj ravaje Sid Eta
California nan 2007, te gen rapò toupatou nan diskriminasyon kont Latino pandan repons pou
ijans ak efò rekiperasyon yo. Nan sit refij, anplwaye piblik rapòte egzije moun Latino ki evakye
yo montre prèv idantite ak rezidans anvan pèmèt yo aksè nan abri yo.15 Anplis de sa, byenke zòn
nan California ki te afekte nan dife sovaj yo gen ladan yo yon gwo popilasyon LEP, rapò yo
endike ke anpil enfòmasyon enpòtan konsènan evakyasyon te distribiye sèlman nan lang angle,
pa te distribiye nan tout zòn peple pa travayè agrikòl migran, e entèprèt yo te jeneralman pa
disponib.16 Kòm yon rezilta, pa sèlman moun sa yo te refize enfòmasyon kritik nesesè pou
reponn san danje a ijans la, men premye sekouris tou te fè fas a risk entansifye paske yo te
mande pou ofri asistans pou moun ki te kapab evakye poukont yo si yo te enfòme yo.
Nan 2014, HUD resevwa yon plent e finalman rive jwenn yon akò ak Eta New Jersey
apre yon ankèt sou efò rekiperasyon Siklòn Sandy yo konkli ke Ameriken Afriken ak Latino te
disproporsyonelman refize asistans rekiperasyon ak asistans rebati e ke efò asistans ensifizan pou
minorite, ba-revni, ak kominote LEP te yon faktè nan ba pousantaj to aplikasyon a pou asistans
nan men gwoup sa yo. Antant la bay $240 milyon dola nan asistans lojman dirèk nan kay ti-
revni, re-evalyasyon nan tout aplikasyon ki refize, relouvri pwogram pou pwopriyetè kay ak
lokatè ki te soufri pèt akòz tanpèt la, adopsyon nan yon plan aksè nan lang konplè, ak ranfòse
kontak popilasyon LEP a nan plisyè pwogram ki gen rapò ak rekiperasyon finance pa HUD.17
Resevan nan asistans finansye federal ka jwe yon wòl esansyèl nan fè si ke inegalite sa yo
pa rprodwiz nan ijans nan lavni ak dezas. Anpil ajans gouvènman leta oswa lokal ak ajans ki fè
respekte lalwa yo devan pou reponn a ijans e kowòdone preparasyon ak rekiperasyon efò yo.
Anplis de sa, souvan resevan ki pa gouvènmantal yo patisipe entegralman nan jesyon ijans. Anpil
nan sèvis sa yo bay yo - ansanm ak lojman ak abri ijans, aksè nan transpò, bank manje yo, sèvis
swen pou timoun, ak pwogram sante piblik yo, ansanm ak lojman ak sipò alontèm – pa sèlman
esansyèl pandan sitiyasyon ijans, men tou nan etap preparasyon, etap repons, etap alèjman, ak
etap rekiperasyon yo.
http://www.gnofairhousing.org/2013/05/10/fair-housing-center-announces-900000-settlement-agreement-with-st-
bernard-parish-pleased-with-settlement-between-united-states-and-parish/
15 Al gade nan, egzanp, Richard Marosi and Ari B. Bloomekatz, Evacuations Raise Deportation Fears,
LATimes.com (Oct. 28, 2007), at http://www.latimes.com/local/la-me-border28oct28-story.html (vizite dènye fwa,
17 fevriye 2016) (Atik la rakonte reklamasyon yo ke kèk volontè abri fè pwofil rasyal ak imigran yo ak abi, kesyone
estati legal yo. Anplis de sa, atik la site reklamasyon ke vil la pa t’ ale nan kan migran yo pou di moun yo evakye).
16 Al gade nan City of San Diego, After Action Report, October 2007 Wildfires City of San Diego Response, 31,
(2007) disponib nan http://www.sandiego.gov/fire/pdf/witch_aar.pdf (dènye vizit 17 fevriye, 2016) ("Pandan
ensidan sa a te gen yon mank kwonik nan tradiktè, ki anpeche kapasite pou evakye ak / oswa administre lòt sèvis
ijans."). Gade jeneralman Marosi, Supra fn 6.
17 Al gade Voluntary Compliance Agreement and Conciliation Agreement, Title VI Case No. 02-13-0048-6 (May
30, 2014) disponib nan http://portal.hud.gov/hudportal/documents/huddoc?id=NewJerseyAgreementsigned.pdf
(dènye vizit, 17 fevriye 2016).
Pratik ki pwomèt asire konfòmite Tit VI Pandan Jesyon Ijans ak Dezas Chak sitiyasyon ijans oswa dezas ap diferan epi yo pral mete defi inik pwòp a yo menm. Men, gen yon seri de etap komen resevan ka adopte koulye a, depi anvan yon dezas oswa ijans. Pratik sa yo pa pral sèlman avanse konfòmite avèk Tit VI ak lòt obligasyon federal dwa sivil, men yo menm ka sèvi tou kòm zouti itil pou asire ke tout kominote resevwa sèvis ki se dwa yo pandan preparasyon, repons, alèjman, ak rekiperasyon nan ijans ak dezas. A. Reyafime angajman Pwoteksyon San Diskriminasyon Lidèchip ak angajman nan bagay kont diskriminasyon. Resevan ki kominike angajman sa a entèn nan depatman yo, ajans yo, ak òganizasyon yo, osi byen ke deyò nan fòmasyon, règleman yo, ak kontak, pral prepare sèn lan pou amelyore konfòmite Tit VI lan ak remèt sèvis pi efikas. Yon pataj bon enfòmasyon ak kominote ki afekte oswa ki kapab afekte se yon fason pratik pou reyafime angajman resevan yo nan pwoteksyon Tit VI la. Li esansyèl tou pou nou avanse efò efikas nan preparasyon, repons, alèjman, ak rekiperasyon pou ijans. Aktivite pataj bon enfòmasyon prezante tou yon opòtinite enpòtan pou resevan yo klèman enfòme benefisyè yo nan dwa yo kont diskriminasyon. Regilasyon Tit VI yo egzije ke resevan yo bay patisipan yo ak benesisyè yo enfòmasyon sou pwoteksyon kont diskriminasyon ki asire pou yo anba lalwa.18 Nan ide sa a, resevan ta dwe afiche yon deklarasyon sou anti-diskriminasyon nan tout enstalasyon piblik yo, sou sit entènèt piblik yo, ak sou avi ki distribiye bay piblik la pandan dezas ak ijans. Resevan ta dwe idantifye yon pwen kontak tou pou piblik la ka soumèt plent sou diskriminasyon.19 Pa egzanp, Administrasyon Transit Federal an dirije resevan li nan yo ekri "yon avi nan Tit VI pou piblik la ki endike resevan a konfòme ak Tit VI, e enfòme piblik nan sou pwoteksyon kont diskriminasyon ki prevwa pou yo nan Tit VI."20 Avi sa yo, afiche nan sant transpò piblik yo, estasyon tren yo, abri otobis yo, ak andedan otobis yo, bay enfòmasyon enpòtan pou piblik la an relasyon ak dwa yo gras a Tit VI e nan angajman resevan kont diskriminasyon sou baz ras, koulè, ak orijin nasyonal la. Pratik Ki Pwomèt yo • Resevan nan asistans finansye federal ta dwe asire ke enfòmasyon yo afiche oswa bay sou lojman, sèvis sante yo, oswa lòt sèvis ki gen rapò ak ijans yo distribiye e aksesib pou plisyè group rasyal, group etnik, e group ak konpetans limite nan lang angle anndan popilasyon a. • Resevan yo ta dwe asire tou ke sèvis oswa resous yo pa ofri sou yon baz diskriminatwa, e.g., ke piblisite pa gen eksklizyon moun baze sou ras yo, koulè, oubyen orijin nasyonal. 18 Al gade nan, e.g., 28 C.F.R. § 42.106 (d). Coordination of Enforcement of Non-Discrimination in Federally Assisted Programs, 28 C.F.R. § 42.405(c)-(d). 19 28 C.F.R § 42.405(c)-(d). 20 Sikilè, Title VI Requirements and Guidelines for Federal Transit Administration Recipients, FTA C 4702.1B (2012), ki disponib nan http://www.fta.dot.gov/documents/FTA_Title_VI_FINAL.pdf (siyati te vizite, 17 fevriye 2016).
B Angaje avèk e enkli Popilasyon ak Ras Diferan, Etnik Diferan, ak Konpetans limite nan lang angle. Angajman dirèk ak divès popilasyon rasyal, etnik, ak LEP oswa atravè kominote ak òganizasyon ki baze sou lafwa, èd sivil legal yo, ak medya etnik se yon etap enpòtanbnan asire ke resevan nan asistans finansye federal konfòme yo ak egzijans ani-diskriminasyon Tit VI, menm jan tou lòt lwa dwa sivil yo. Resevan yo pa dwe tann jiskaske gen yon ijans oswa dezas pou angaje ak divès popilasyon rasyal, etnik, ak LEP oswa al chache patisipasyon yo nan ede enfòme jesyon ijans.21 Kontak konsistan epi solid kapab ede efò resevan yo pou inkli kominote a tou antye nan planifikasyon ijans byen anvan yon evènman katastwofik, osi byen ke pandan etap repons nan, alèjman nan, ak rekiperasyon nan.22 Li kapab ogmante konsyans sou asistans disponib nan ijans oswa dezas ak nenpòt estanda ki kalifikasyon ki relasyone. Pa gen yon sèl fason pou etabli yon kontak efikas. Konsilte ak kominote ki vize yo ka ede detèmine kijan ki ap pi bon pou yo tayè yon kontak pou konstwi plis konfyans mityèl ak fòje patenarya efikas. Reyinyon, fowòm, Reyinyon Infomèl, vebinèr, telekonferans, ak lòt evènman piblik yo dwe aksesib a tout manm kominote afekte, ansanm ak moun LEP ak tout moun ki konte sou transpò piblik.23 Angajman regilye ka bati konfyans ant antite gouvènman an ak kominote y ap sèvi yo. Resevan yo dwe konsidere chwazi kote evènman kontak kominote yo fèt regilyèman, tankou lekòl yo, bibliyotèk yo, sant kominotè yo, sant sante kominotè yo, ak nan legliz yo. Resevan yo dwe konsidere travay ak èd legal yo e òganizasyon ki baze nan kominote yo tou, pou distribye enfòmasyon nan kominote ki afekte yo e an menm tan mande enfòmasyon konsènan bezwen yo ak difikilte ke divès popilasyon rasyal, etnik ak LEP fè fas. Menm anvan yon dezas, resevan yo dwe kapab idantifye ki lè, ki kote, ak ki jan yo pral aprann enfòmasyon ki enpòtan nan kominote LEP.24 Èd legal ak òganizasyon sèvis kominote yo trè souvan bay asistans nan kominote anvan, pandan, epi apre yon ijans oswa dezas. Pifò òganizasyon legal ak òganizasyon sèvis kominote yo opere nan nivo lokal, epi byen souvan yo konsantre sou kominote ki mal sèvi. Kòm konsekans, òganizasyon sa yo souvan byen positionné kòm entèmedyè ak konfyans ki ka angaje ak divès popilasyon rasyal, etnik, ak popilasyon LEP yo pou idantifye bezwen yo epi pou ede yo jwenn aksè nan sèvis ak benefis nan ijans ak rekiperasyon. Legal Services Corporation (Konpani Sèvis Legal) (LSC) finanse pa gouvènman federal lan, ansanm ak plizyè patnè, devlope www.DisasterLegalAid.org pou sèvi kòm yon resous nasyonal santralize pou èd legal, avoka pro bono ak avoka defandè kriminèl atravè peyi a sou pwoblèm legal ki gen rapò ak tout kalite dezas, pou rekrite epi ede mobilize avoka pro bono nan annapre dezas, epi pou bay enfòmasyon kòrèk nan bon moman sou pwoblèm legal ki gen rapò ak dezas pou piblik ki gen revni ba ak revni 21 Al gade, e.g., 28 C.F.R. 42.406 (a)-(c) ; 42 U.S.C. 5196f(a). 22 Angajman dirèk ak divès popilasyon rasyal, etnik, ak popilasyon LEP nesesè pandan etap rekiperasyon nan pou asire pwogram rekiperasyon yo (Pa egzanp, planifikasyon, anplasman an, ak konstriksyon nan lojman tanporè ak lojman abòdab) devlope nan yon fason ki pran nan kont anbank bezwen tout manm nan kominote a, kèlkeswa ras, koulè oubyen orijin nasyonal, epi yo pa rezilta nan kreyean oswa kontinye inegalite rasyal oswa etnik. 23 Al gade e.g., 28 C.F.R. § 42.104; 42 U.S.C. 5196f. 24 Al gade, e.g., 28 C.F.R. §42.406.
modere.25 Biwo DOJ pou Aksè a Jistis kapab yon resous enpòtan tou pou ede resevan k ap chèche fòje relasyon ak òganizasyon èd legal yo.26 Pratik Ki Pwomèt Yo • Distribye enfòmasyon pou piblik la nan yon jan ki teni kont de plisye fason ke diferan manm kominote yo ka jwenn aksè enfòmasyon nan. Sa ka enkli difizyon nan jounal lokal yo k ap sèvi divès kominote; medya sosyal; sit; radyo etnik ak lòt medya; medya nan lang etranj-; ak sant kominotè. • Kontakte sant kominotè lokal yo; anplwayè ak sendika yo; ak kominote, dwa sivil, ak òganizasyon èd legal yo pou pataje enfòmasyon sou reyinyon planifikasyon ijans yo, epi pou konsèy sou angaje divès kominote rasyal, etnik, ak kominote LEP yo. • Kenbe reyinyon nan plizyè lè epi nan kote ki aksesib pa transpò piblik yo pou akomode orè travay ki pa traditional epi bezwen transpò yo. • Si popilasyon LEP yo pami moun ki afekte, bay materyèl tradwi sou sèvis ijans, lojman, swen sante, ak transpò nan lang ki apwopriye atravè Enfòmasyon Liy Dirèk, lòt sèvis enfòmasyon telefòn ak enfòmasyon entènèt, ak entèprèt nan reyinyon piblik yo epi fowòm yo. • Kenbe relasyon ak sant kominotè epi kominote a, dwa sivil yo, epi òganizasyon èd legal yo pou efò kontak alontèm. • Pibliye enfòmasyon konsènan pwogram restorasyon, aksyon planifye yo, epi odyans piblik yo oswa reyinyon yo, tankou etid domaj, efò koleksyon done yo ak rezilta yo sou sit piblik yo e rann yo aksesib a divès popilasyon nan divès fason, ansanm ak mache ak biznis etnik lokal yo. Ran nfòmasyon sa a disponib nan yon fason ki bay piblik la yon tan rezonab epi yon opòtinite siyifikatif pou bay kòmantè lè sa apwopriye. o Kòm egzanp nan kouman yo entegre konsiltasyon kominote nan pwosesis jesyon ijans, resevan yo ka konsidere Depatman pou Lojman ak Devlopman Iben an, Dezyèm Alokasyon, Egzansyon yo, ak Kondisyon Altènatif pou Resevan K ap resevwa Don Katye pou Devlopman Kominotè (CDBG) Fon Sekou pou Katastwòf nan Repons pou Siklòn Sandy, 78 F.R. 69104 (Nov. 18, 2013) disponib nan https://www.gpo.gov/fdsys/pkg/FR-2013-11- 18/pdf/2013-27506.pdf. • Òganize reyinyon preparasyon chak ane, tankou reyinyon enfòmèl, pou fasilite plisyè angajman kominotè. C. Bay Aksè sifizan pou Moun LEP yo Tit VI epi ajans k ap mete ann aplikasyon règleman mande pou resevan yo pran mezi rezonab pou asire bon jan aksè nan enfòmasyon an ak sèvis yo bay moun LEP yo.27 Resevan dwe 25 Sit sa a se yon kolaborasyon efò nan Lone Star Legal Aid, the American Bar Association, the Legal Services Corporation, the National Legal Aid and Defender Association, the Texas Legal Services Center and Pro Bono Net. 26 http://www.justice.gov/atj. 27 Enforcement of Title VI of the Civil Rights Act of 1964 – National Origin Discrimination Against Persons with Limited English Proficiency; Policy Guidance, 65 F.R. 50,123, 50,124 (Aug. 16, 2000). Ajans federal te fè soti yon konsèy kòm yon chapant analitik pou detèmine kijan pou byen konfòme avèk obligasyon estati e obligasyon reglemantè pa moun ki resevwa asistans finansye federal nan bay aksè konsiderab a popilasyon LEP. Al gade nan,
fè sèvis lang yo disponib nan tout pwogram oswa aktivite ki fè fas a piblik la. Sèvis Lang enkli entèpretasyon an pèson, entèpretasyon telefonik, sèvis tradiksyon, kominikasyon nan yon sèl lang nan lang moun LEP a, ak tradiksyon devan je.28 Ansanm ak enfòmasyon nan men gwoup popilasyon LEP ak adrese bezwen popilasyon LEP yo nan plan preparasyon pou evakyasyon ak katastwòf yo ki disponib lajman pou ede asire ke kominote yo gen aksè a yo lè sa pral nesesè. Resevan dwe evalye bezwen lang nan kominote sèvis nan epi devlope yon plan aksè nan lang, ki se yon zouti jesyon ki bay yon plan administratif pou pote ajans la nan konfòmite avèk egzijans nan aksè nan lang. Yon plan konsa dekri politik resevan yo avèk estanda pou bay sèvis pou moun LEP epi dekri kouman ajans lan pral aplike règleman ak estanda sa yo, ansanm ak eksplike ki jan ajans lan pral ogmante kapasite li yo pou adrese sèvis lang lan ak bezwen resous ke yo idantifye nan evalyasyon pèsonèl yo. Resevan ta dwe revize plan yo detanzantan pou evalye si wi ou non yo bezwen fè chanjman, ansanm ak adrese chanjman demografik nan popilasyon ke y ap sèvi yo. Nou ankouraje resevan, al gade nan Evalyasyon nan Aksè nan Lang ak Zouti nan Planifikasyon (Language Access Assessment and Planning Tool), ki soti nan Divizyon Federal nan Kowòdinasyon epi Seksyon Konfòmite nan Dwa Sivil yo, ki bay konsèy sou ki jan resevan yo ta dwe evalye pwòp pwogram ak aktivite yo, epi fòmile yon plan aksè nan lang.29 Dokiman ki asosye avèk ijans oswa katastwòf ki soti nan resevan, ansanm ak sa yo rann disponib sou sit entènèt yo, pi efikas lè li ekri nan lang angle klè epi senp ki ka tradwi nan lang ke moun LEP yo pale nan zòn kote resevan a sèvi. Konsidere nivo alfabetizasyon popilasyon ke yo gen entansyon rive jwenn yo epi konsidere lòt fòma kominikasyon tankou oral ak konsepsyon grafik inivèsèl pral trè itil pou resevan yo. Ajans federal gen menm obligasyon pou pran mezi rezonab pou asire ke pwogram gouvènman ak aktivite federal ki fèt yo aksesib bay moun LEP anba Dekrè Egzekitif 13166.30 Lè Dekrè Egzekitif lan aplike, DHS bay yon atik politik sou pwovizyon pou yon bon aksè pou moun LEP nan aktivite gouvènman federal ki fèt yo epi antreprann regilyèman aktivite pou bay bon aksè pou moun LEP. Pa egzanp, Ajans Federal nan Jesyon Ijans - Emergency Management Agency Federal la (FEMA) - bay dokiman tankou anons sèvis piblik yo, konsèy medya, depliyan, gid, ak lèt ki gen rapò ak èd pou katastwòf nan lang ki pa angle epi deplwaye Ekip Asistans Sivivan Dezas yo ki prepare pou angaje dirèkteman ak popilasyon LEP yo nan yon zòn e.g., Department of Justice, 67 F.R. 41,455 (June 18, 2002), Department of Health and Human Services, 68 F.R. 47,311 (Aug. 8, 2003); Department of Transportation, 70 F.R. 74,087 (Dec. 14, 2005); Department of Housing and Urban Development, 72 F.R. 2,732 (Jan. 22, 2007); Department of Homeland Security, 76 F.R. 21,755 (April 18, 2011). 28 Pou plis enfòmasyon sou sèvis diferan aksè nan lang ak pratik pwomèt pou seleksyon, retansyon an, epi sèvi ak nan sèvis lòt lang, tanpri ale nan www.lep.gov. 29 Department of Justice, Dwa Sivil Divizyon, Federal Kowòdinasyon ak Konfòmite Seksyon, Language Access Assessment and Planning Tool for Federally Conducted and Federally Assisted Programs, (May 2011), ki disponib nan http://www.lep.gov/resources/2011_Language_Access_Assessment_and_Planning_Tool.pdf. 30 Dekrè Egzekitif 13166, "Amelyore Aksè nan Sèvis pou Moun ki gen Konpetans Limite nan lang angle," egzije pou ajans federal egzaminen sèvis ke yo bay, idantifye nenpòt bezwen pou sèvis pou moun ki gen konpetans limite nan lang angle, epi devlope epi aplike yon sistèm pou bay sèvis sa yo epi konsa moun LEP ka gen bon aksè a yo.
afekte, ansanm ak enskri moun LEP ki kalifye pou asistans FEMA nan katastwòf.31 An repons a Devèsman Lwil BP nan, DHS te travay ak Ekip Sèvis Fondlo Entegre (Deepwater Integrated Services Team) pou asire ke sèvis asistans nan lang, ansanm ak tradiksyon nan fòm kritik epi avi yo te bay minorite lengwistik yo kit e afekte nan devèsman an epi fè aranjman afiche avèk moun ki resevwa fòmasyon epi ki gen esperyans avèk Koòdonatè pou moun Konpetans Limite nan lang Aangle nan zòn ki afekte yo. Atravè efò sa yo, DHS asire ke materyèl kritik te disponib bay moun LEP nan lang Kanbodyen (Khmer), Kreyòl, Franse, Kreyòl Ayisyen, Lao, Panyòl, Thai, ak Vyetnamyen. Materyèl sa yo pèmèt rezidan afekte nan dezas la jwenn aksè nan resous ki trè nesesè, nan kote yo te gen dwa. Resevan ka gade efò ajans federal yo kèm egzanp pou konnen kijan pou yo bay aksè nan lang yo ak resous yo. Pratik Ki Pwomèt • Vizite www.lep.gov pou resous itil nan devlopman yon plan pou aksè nan lang. Anplis de sa, itilize Konsèy ak Zouti pou Rive jwenn Kominote Limite nan Konpetan nan lang angle nan Preparasyon, Repons, ak Rekiperasyon nan Ijans (Tips and Tools for Reaching Limited English Proficient Communities in Emergency Preparedness, Response, and Recovery) pou asire kominote LEP gen bon aksè nan sèvis ki gen rapò ak ijans. • Pou detèmine ki lang ki pale nan bouch moun LEP nan zòn sèvis yo, nou ankouraje resevan, al gade nan Depatman Jistis la, Aplikasyon Map nan Lang nan Divizyon nan Dwa Sivil, ki disponib nan www.lep.gov/maps/. • Fè mizajou nan Plan Aksè nan Lang ki deja egziste pou asire ke kominote ki afekte resevwa yo enfòmasyon bon jan sou tout etap nan jesyon ijans, ansanm ak aktivite nan planifikasyon, repons, rekiperasyon ak Kontwol Dega. D. Enkli Kominote Imigran nan Efò Preparasyon, Repons, Kontwol Dega, ak Rekiperasyon Jeneralman kondisyon imigrasyon yon moun pa anpeche aksè a enfòmasyon kritik ki gen rapò ak ijans ak resous. Li espesyalman kouran pandan yon dezas oubyen ijans pou tout fanmi yo - kèlkeswa kondisyon imigrasyon yo – pou pèdi oswa kite dèyè dokiman enpòtan tankou idantifikasyon ak kat sekirite sosyal yo, paspò yo, batiste yo, ak dokiman imigrasyon yo. Tit VI fòse resevan yo ofri sèvis bay benefisyè ki kalifye yo kèlkeswa orijin nasyonal yo. An relasyon avèk lòt verifikasyon oswa dokiman moun baze sou aparans yo, non yo, aksan yo, konpetans limite nan lang angle, oswa kondisyon imigrasyon sispèk ka vyole Tit VI ak lòt lwa dwa sivil yo. Kidonk, premye sekouris oswa founisè sèvis ijans pa ta dwe mande dokiman ki pwouve kondisyon imigrasyon legal pou sèlman moun nan sèten orijin nasyonal oswa rapòte yo oswa mennase fè rapòte yo bay Ranfòsman Imigrasyon ak Ladwàn baze sou koulè po yo, aksan yo, oswa konpetans limite nan lang angle. 31 Department of Homeland Security, Language Access Plan (Fevriye 28, 2012), ki disponib nan http://www.dhs.gov/sites/default/files/publications/crcl-dhs-language-access-plan.pdf (Dènye visit. Fevriye 17, 2016)
Pifò sèvis piblik pou pwoteksyon nan lavi ak sekirite ki ofri pa moun kap resevwa asistans finansye federal pa gen restriksyon sou estati imigrasyon.32 Pa egzanp, asistans sante piblik pou vaksen ak pou fè tès ak tretman pou sentòm maladi kontajye ka administer san yo pa konsidere kondisyon imigrasyon yon moun.33 Tèm kout, ki pa lajan kach, nan-kalite soulajman pou dezas an ijans, tankou Sèvis Legal pou Dezas ak Oryantasyon nan Kriz, disponib tou kèlkeswa kondisyon imigrasyon yon moun.34 Lòt pwogram yo disponib pou moun ki pa sitwayen avèk yon sèten kondisyon imigrasyon ki kalifye, ansanm ak asistans dezas monetè35, ak asistans lajan kach pou bezwen ki gen rapò ak lojman nan Pwogram Endividyel ak Pwogram Kay atravè FEMA.36 Anplis de sa, anpil fanmi ansanm ak moun ki gen kondisyon imigrasyon diferan, ansanm ak timoun ki fèt nan peyi Etazini sitwayen Ameriken. Paran ak gadyen jeneralman kapab aplike pou benefis sou non pitit yo menm si yo pa kalifye pou tèt yo.37 Echwe nan plan pou kominote imigran yo pou epi sèvi yo nan ijans ka dimisye efò repons yo epi ogmante risk sekirite yo pou tou kominote lokal yo ak premye sekouris yo tou. Pa egzanp, moun ki pè operasyon ki fè respekte imigrasyon ka pa evakye nan yon fason apwopriye oswa ka pa chèche sekou imanitè. Nan ijans ki enplike yon epidemi maladi, yon pè vini pi devan pou enfòmasyon prevansyon ak tès depistaj, asistans medikal, oswa pran vaksen ka pwolonje yon epidemi, mete an danje epi konpwomèt sante lòt moun nan kominote a. Fanmi imigran yo ka pa reyalize ke yo kalifye tou pou resevwa sèten benefis ak sèvis gouvènman. Se poutèt sa, li trè enpètan enkli kominote imigran nan efò asistans ak angajman pou klarifye si wi ou non kalifikasyon pou sèvis oswa benefis yo gen restriksyon baze sou estati imigrasyon. Nan dènye ane yo, DHS te aji pou adrese enkyetid ke popilasyon imigran ta ka dekouraje nan evakye san danje ak / oswa k ap chèche asistans imedyatman anvan ak pandan dezas, oswa ta ka eskli nan repons a pandemics sante. An repons a Siklòn Izarak, DHS bay yon deklarasyon 32 Pwokirè Jeneral Lòd No 2353-2001, 66 Fed. Reg. 3613 (, Jan 16 2001). Al gade tou Questions and Answers for Undocumented Immigrants Regarding FEMA Assistance (June 17, 2004), http://www.fema.gov/news- release/2004/06/17/questions-and-answers-undocumented-immigrants-regarding-fema-assistance 33 8 U.S.C. § 1611 (b) (1) (C). 34 8 U.S.C. § 1611 (b) (1) (B); Crisis Counseling Assistance and Training Program, FEMA.gov, http://www.fema.gov/recovery-directorate/crisis-counseling-assistance-training-program (siyati te vizite,, 16 fevriye 2016); Disaster Legal Services Program, Americanbar.org, http://www.americanbar.org/groups/young_lawyers/disaster_legal_services.html (siyati te vizite,, fevriye 16 2016). 35 8 U.S.C. §§ 1611 (a), 1641. 36 Id. Al gade jeneralman 42 U.S.C. § 5174; 44 C.F.R. § 206,113. Gade tou Federal Emergency Management Agency, Applicant’s Guide to the Individuals & Households Program 4 (July 2008), ki disponib nan https://www.fema.gov/pdf/assistance/process/help_after_disaster_english.pdf (dènye vizite, 17 fevriye 2016 ). 37 Al gade, egzanp, Department of Health and Human Services and Department of Agriculture, Policy Guidance Regarding Inquiries into Citizenship, Immigration Status and Social Security Numbers in State Applications for Medicaid, State Children's Health Insurance Program, Temporary Assistance for Needy Families, and Food Stamp Benefits, available at http://www.hhs.gov/ocr/civilrights/resources/specialtopics/origin/triagency.html; Interim Guidance on Verification of Citizenship, Qualified Alien Status and Eligibility under Title VI of the Personal Responsibility and Work Opportunity Reconciliation Act of 1996, 62 F.R. 61,345, 61,362 Attachment 3 (Nov. 17, 1997) (Ki bay egzanpsyon verifikasyon sitiyasyon kondisyon pou kout tèm, ki pa lajan kach, nan-kalite soulajman pou dezas ijans, ak asistans medikal pou ijans dapre Lwa Tit XIX nan Lwa sou Sekirite Sosyal pa ki gen rapò ak pwosedi transplantasyon ògàn). Al gade tou National Disaster Recovery Framework 74, Federal Emergency Management Agency (Sept. 2011).
nan plizyè lang pou piblik la ki deklare ke "pa pwal gen okenn inisyativ ki fè respekte imigrasyon ki asosye ak evakyasyon ak refij... ansanm ak izaj baraj pou rezon ki fè respekte imigrasyon" pou ankouraje aktivite sove lavi ak aktivite soutni lavi.38 DHS bay deklarasyon menm jan an anvan Siklèn Sandyte frape nan Etazini yo nan 2012.39 Menm jan tou, HUD te pibliye kesyon ak repons sou ki jan Lwa sou Lojman Ekitab la aplike a moun baze sou estati imigran yo.40 Biwo pwogram HUD yo, ki administre lajan rekiperasyon pou katastwòf, ofri resous pou imigran yo, osi byen ke enfòmasyon sou ki jan yo ka pote yon plent lojman ekitab si diskriminasyon ilegal sispekte.41 An 2009, Asistan Pwokirè Jeneral Enterimè DOJ pou Dwa Sivil yo bay yon deklarasyon, nan Adrese Dwa Sivil nan Response pou Grip H1N1 an, fè sonje sekouris enpòtans ki genyen nan bay enfòmasyon nan lòt lang pase angle epi asire ke pa gen okenn asèlman kont imigran oswa sa yo ki desandan Meksiken. Nan mwa Desanm 2014, Divizyon Dwa Sivil DOJ a bay yo Konsèy Piblik sou Pwoteje Dwa Sivil Pandan ke Repons sou Virus Ebola nan pou adrès rapò ogmante sou diskriminasyon rasyal ak orijin nasyonal kont moun ki sòti nan peyi Afriken oswa ki desandan Afriken. Pratik Ki Pwomèt Yo • Pataje enfòmasyon sou kondisyon kalifikasyon tradui nan lang yo ki pi dominan yo ki pale nan zòn ki afekte yo, ansanm ak nan ki nivo, si genyen, ki restriksyon imigrasyon ki ka afekte kalifikasyon nan kèk manm fanmi yo. • Bay fòmasyon epi pibliye epi bay deklarasyon pou raple resevan, ansanm ak premye sekouris epi founisè benefis yo, nan entèdiksyon sou diskriminasyon an epi pou yo pa mande enfòmasyon sou kondisyon imigrasyon sof si sa nesesè pou detèmine kalifikasyon yon moun a pou yon benefis piblik an patikilye. • Bay deklarasyon piblik ke resevan pa pral angaje nan aktivite ki gen rapò ak fè respekte imigrasyon an koneksyon avèk efò ijans ak dezas yo. • Angaje ak komisyon imigrasyon leta yo, oswa lòt ekivalan leta, lè y ap devlope plan jesyon ijans yo pou idantifye bezwen nan popilasyon imigran yo. 38 FEMA bay nòt pou laprès ki deklare ke "priyorite ICE an nan nenpòt ijans se aktivite sove lavi ak kenbe lavi, anpeche pran pèt pwopriyete nan limit ki posib, epi ede ak yon rekiperasyon rapid nan rejyon afekte a [.]" Al gade ICE-CBP Joint Message Regarding Hurricane Isaac (Aug. 27, 2012), ki disponib nan http://www.dhs.gov/publication/ice-cbp-joint-message-regarding-hurricane-isaac (tradwi epi ki disponib sou entènèt nan lang Panyòl, Vietnamese , ak. Kreyòl Ayisyen) (Dènye vizit, 17 fevriye 2016) 39 ICE-CBP Joint Message Regarding Hurricane Sandy (Oct. 26, 2012), ki disponib nan http://www.dhs.gov/ice- cbp-joint-message-regarding-hurricane-sandy (Tradwi epi ki disponib sou entènèt nan lang Panyòl, Chinwa Senplifye, Kreyòl Ayisyen, Koreyen, ak Vyetnamyen) (Dènye vizit, 17 fevriye 2016); gade tou Piblikasyon Lapwès, Storm Victims Urged To Come Forward For Emergency Aid Regardless Of Immigration Status, ki disponib nan https://beta.fema.gov/news-release/2004/08/18/storm-victims-urged-come-forward-emergency-aid-regardless- immigration-status (Dènye vizit, 17 fevriye 2016). 40 Immigration Status and Housing Discrimination Frequently Asked Questions, disponib nan http://www.equalhousing.org/wp-content/uploads/2014/09/2012-Immigration-Status-FAQ.pdf (Dènye vizit, 17 fevriye 2016). 41 HUD Disaster Resources, HUD.gov, http://portal.hud.gov/hudportal/HUD?src=/info/disasterresources (Dènye vizit, 17 desanm 2015).
E. Kolekte epi Analize Done Yo evalyasyon konstan nan bezwen nan divès group rasyal, etnik, ak popilasyon LEP yo ke resevan yo rankontre oswa sèvi se yon zouti endispansab pou asire konfòmite ak Tit VI epi yo preparasyon, repons, alèjman, ak aktivite rekiperasyon ekitab nan ijans ak katastwòf. Kolekte ak analize enfòmasyon sou ras, koulè a, orijin nasyonal, lang pale nan bouch popilasyon LEP yo, ak lòt enfòmasyon demografik nan kominote ki sèvi pa yon pwogram èd gouvènman federal, aktivite, oswa sèvis trè enpotal nan adrese baryè potansyèl ki ka gen yon enpak diskriminasyon ilegal nan preparasyon, repons, alèjman, ak rekiperasyon pou ijans. Lè dezas frape, resevan yo ta dwe regilyèman konsidere tout popilasyon ki afekte nan epi asire efikas, alokasyon nan resous, sèvis, ak benefis yo san diskriminasyon. Gouvènman federal la rann disponib yon anpil zouti ak kat epi resous ki ka ede resevan yo nan efò sa a.42 Antite leta epi lokal ka travay tou avèk FEMA epi patnè lokal yo – Ansanm ak ONG, gwoup avoka yo, òganizasyon sèvis legal yo, ak reprezantan kominote yo - pou idantifye, jwenn, revize, epi pataje total ras, koulè, ak done orijin nasyonal konsènan limit ak distribisyon jeyografik andomajman ki koze pa dezas ak ijans anvan formuler yon plan rekiperasyon ak kontwol dega. Yon echanj louvri nan done total nan mitan resevan yo, FEMA, ak kominote a nan pwosesis koleksyon ak analiz done lan amelyore presizyon nan enfòmasyon an. An patikilye, li ka ede asire ke done kolekte yo pataje epi yo pa eskli enfòmasyon enpòtan sou enpak sante, ak domaj nan lojman, sistèm transpò piblik, enfrastrikti, osi byen ke lòt efè nan yon dezas oubyen ijans sou divès kominote rasyal, etnik, epi kominote LEP. Resevan yo ki konpare distribisyon jeyografik nan diferan popilasyon atravè jiridiksyon yo avèk done sou limit domaj avèk nenpòt rekiperasyon ak Kontwol Dega potansyèl pwojè yo pral byen positionné yo idantifye diferans potansyèl nan distribisyon resous. Pa identification diferans potansyèl ki baze sou ras, koulè, ak orijin nasyonal anvan yo rive epi chanje plan yo kòmsadwa, resevan yo ka evite vyolasyon Tit VI nan. Anplis de sa, kolekte epi analize enfòmasyon sou resevan yo, oswa echwe jwenn aksè nan, sèvis yon resevan a pandan oswa apre yon ijans, menm jan tou sou eksperyans yo ak pwogram yo, ka mete aksan sou enpèfeksyon nan angajman, aksè, ak sèvis yo. Resevan yo tou fè sonje ke règleman Tit VI otorize koleksyon woutin nan done ak lòt enfòmasyon nesesè pou asire anti-diskriminasyon nan pwogram ak aktivite èd gouvènman federal, e ke yo oblije bay done ak lòt enfòmasyon ki montre konfòmite yo.43 Resevan gouvènman leta ak lokal ta dwe patikilyèman vijilan nan kolekte ak analize done. Menm si resevan a resevwa lajan nan yon ajans administre leta, kondisyon koleksyon done Tit VI toujou aplike. Resevan yo dwe asire ke resevan pa anba yo ki resevwa asistans finansye federal kolekte done nesesè ki pèmèt resevan a nan fon federal lan demontre konfòmite avèk Tit VI.44 Anplis de sa, kèk resevan leta ak lokal ka oblije kolekte done nan biwo finansman nan. Pa egzanp, 42 DOJ te rann disponib yon aplikasyon kat ak kat ki ka telechaje, ki disponib nan www.lep.gov/maps , ki endike nimewo ak pousantaj moun LEP nan leta, peyi a, ak nivo distri jidisyè a. Depatman pou Sèvis Rechèch Ekonomik pou Agrikilti a te kreye yon aplikasyon kat ki fè divès tablo avèk kalite demografik karakteristik nan yon nivo peyi, ki disponib nan at http://www.ers.usda.gov/data-products/atlas-of-rural-and-small-town-america/go-to-the- atlas.aspx. Ekip Enterprise Geographic Sistèm Enfòmasyon HUD la fè yon Avanse Afimativman nan Zouti Lojman san Patipri pou ede benefisyè yo asire ke yo ranpli obligasyon dwa sivil yo. Enfòmasyon sou zouti a disponib nan http://egis.hud.gov. 43 Coordination of Enforcement of Non-Discrimination in Federally Assisted Programs, 28 C.F.R. § 42.406(b). 44 Al gade nan, e.g., 28 C.F.R. § 42.106 (b).
Depatman Edikasyon mande pou chak lekòl piblik epi lekòl distri nan peyi a yo pou yo reponn demann dwa sivil yo nan koleksyon done yo.45 Menm jan an tou, Administrasyon an Transit Federal egzije pou gen kèk nan resevan li yo nan kolekte done sou ras, koulè, ak orijin nasyonal nan fè analiz sèvis egal pou asire konfòmite avèk Tit VI.46 Pratik Ki Pwomèt yo • Itilize done yo nan moman planifikasyon nan repons pou ijans, menm jan tou pou efò rekiperasyon ak kontwol dega alontèm. Done resansman oswa done kolekte pa DHS, HUD, FEMA, sistèm lekòl yo, òganizasyon kominotè yo, ajans gouvènman leta ak lokal yo, ak twazyèm pati ka itilize pou asire evakyasyon ak lòt pwogram repons pou ijans devlope ki pi byen sèvi kominote yo nan zòn sèvis nan. Sèvi ak resous tankou Biwo Resansman nan ak Sant Enfòmasyon Resansman yo pou fòmasyon epi asistans teknik sou analiz demografik efikas pou asistans vize. https://www.census.gov/mso/www/training/index.html avèk www.lep.gov. • Nan konsekans imedya epi alontèm nan yon ijans oswa dezas, angaje aktivman nan koleksyon enfòmasyon epi pataje enfòmasyon ak òganizasyon kominotè yo, ONG yo, gwoup defann dwa moun yo, ak lidè kominotè lokal yo, pou detèmine ki popilasyon ki afekte. Sèvi ak done ki kolekte nan efò sa yo, ansanm ak done anekdotik epi done kalitatif, pou fòmile rekiperasyon ak plan kontwol dega, fè chanjman pou adrese twou vid ki genyen nan sèvis yo ak baryè yo, epi asire ke plan yo pa eskli disproporsyonelman oswa afekte popilasyon an nan vyolasyon Tit VI nan. • Done ka emkli distribisyon jeyografik moun pa ras, koulè, ak orijin nasyonal (ansanm ak moun konpetans limite nan lang angle); konfyans kominote patikilye sou transpò piblik piblik; pwoksimite nan diferan gwoup nan zòn ijans oswa zòn danje dezas; epi distribisyon jeyografik nan domaj, pran an kont degre severite k ap varye. • Yon pwosesis evalyasyon ka ede detèmine si pwogram ak sèvis yo rive epi satisfè bezwen yo nan divès popilasyon rasyal, etnik, ak LEP. Kolekte pwòp done ou yo pou konpare popilasyon ki sèvi avèk popilasyon ki aktyèlman sèvi avèk oubyen patisipe nan pwogram nan pou detèmine si dispozisyon pou sèvis yo pratike diskriminasyon kont sèten popilasyon epi adrese nenpòt twou vid sa yo ki genyen nan sèvis yo. Dwa Sivil ak Resous Jesyon nan Ijans yo Pou plis ankouraje sa yo ak lòt pratik ki pwomèt yo, ajans federal yo ap afiche resous dwa sivil yo ak enfòmasyon ki gen rapò ak ijans epi katastwòf. Nou mete aksan sou kèk resous ki disponib la a: o DOJ te devlope Konsèy ak Zouti yo pou Rive Jwenn Kominote LEP nan Preparasyon, Repons, ak Recovery pou Ijans ak Dezas. Dokiman sa a dirije pou 45 Al gade Civil Rights Data Collection, www.ed.gov, http://www2.ed.gov/about/offices/list/ocr/data.html?src=rt (Dènye vizit, 17 fevriye 2016). 46 Al gade Department of Transportation, Federal Transit Administration Circular 4702.1B (October 1, 2012) disponib nan http://www.fta.dot.gov/documents/FTA_Title_VI_FINAL.pdf
moun leta ak local kap pran desizyon yo, planifikatè yo, ak koòdonatè aksè nan lang yo ki responsab pou preparasyon, repons, ak retablisman pou ijans. Li bay estrateji pou incorpore konsiderasyon aksè nan lang plan jesyon ijans ak dezas. Li sèvi kòm yon gid debaz pou resevan yo ka amelyore aksè pou kominote LEP epi li mete aksan sou pratik innovate yo. o HHS te kreye yon Lis Kontwòl pou Resevan nan Asistans Finansye Federal yo, ki bay etap ke resevan yo ka pran pou adrese bezwen nan kominote a tout antye, ansanm ak moun ke yo pwoteje kont diskriminasyon anba lwa federal dwa sivil yo, ansanm ak Tit VI. Se yon rapèl kout epi efikas nan etap esansyèl sa yo ki nesesè pou entegre popilasyon sa yo nan pwogram ak aktivite jesyon ijans ak dezas. Konklizyon Siklòn Katrina ak ijans ak dezas ki vin apre yo mete aksan sou yon leson renouvlab: nou bezwen pran mezi proactive pou asire ke tout manm nan kominote nou yo enkli yon fason ki apwopriye nan aktivite jesyon ijans yo. Nou envite ou kontakte biwo dwa sivil yo pou ajans finansman federal ou oswa Kowòdinasyon Federal ak Seksyon Konfòmite DOJ nan Divizyon Dwa Sivil yo pou plis asistans teknik sou konfòmite avèk Tit VI ak lòt lwa federal nan dwa sivil yo.
Continue your research in ChatGPT or Claude
Connect Omnilex to search the legal corpus from your AI assistant.