Workers with Temporary Protected Status: Protect Your Right to Work (Haitian Creole)

us-doj-guidance-CRT-1315961Workers with Temporary Protected Status: Protect Your Right to Work (Haitian Creole)Guidance

Depatman Jistis Ameriken, Divizyon Dwa Sivil, Seksyon Dwa pou Imigran ak Anplwaye, Oktòb 2018
DEPATMAN JISTIS AMERIKEN
DIVIZYON DWA SIVIL
SEKSYON DWA POU IMIGRAN AK ANPLWAYE
stati Pwoteksyon Tanporè (TPS) bay yon
travayè yon dwa tanporè pou rete
Ozetazini. Si w gen TPS, ou kalifye pou yon
pèmi travay, ki rele tou yon Dokiman
Otorizasyon Travay (EAD). Moun sa yo ki
sou Depòtasyon Obligatwa Pwolonje (DED) gen dwa
sa a tou pou travay, epi anjeneral, enfòmasyon anba
a aplike pou travayè yo ki sou DED anplis travayè ki
gen TPS yo. W ap jwenn lwa a ki gouvène zafè TPS
nan 8 U.S.C. § 1254(a) epi règleman yo nan
8 C.F.R. 244. Prezidan an ka otorize DED kòm pati
nan pouvwa Prezidan an pou mennen relasyon
etranjè yo. Règleman sou kategori moun ki kalifye
pou pèmi travay yon nan 8 C.F.R. 274a.12.
EAD w kapab kontinye valab apre dat ekspirasyon
li a.
Gouvènman an kapab pwolonje TPS pou peyi w.
Gouvènman an anonse pwolonjman TPS nan Achiv
Federal la. Si gouvènman an pwolonje TPS pou peye
w, Achiv Federal la ap fè w konnen w dwe re-enskri
pou TPS epi aplike pou yon nouvo EAD pou kontinye
travay.
Pafwa, gouvènman an pwolonje EAD TPS yo tou
atravè Achiv Federal la. Achiv Federal la ap enfòme
si wi ou non EAD w gen yon nouvo dat ekspirasyon
otomatikman yon fason pou w ka kontinye travay
pandan w ap rete tann nouvo EAD ou a. Ale nan
sitwèb www.uscis. gov/tps pou enfòmasyon sou TPS
pou peyi w avèk avi Achiv Federal la.
Si gouvènman an pa pwolonje EAD w otomatikman
nan avi Achiv Federal la, men ou te aplike pou
renouvle EAD TPS ou, ou kapab kontinye travay apre
dat ekspirasyon ki nan EAD ou a pandan w ap tann
nouvo EAD ou a.
ESTATI PWOTEKSYON TANPORÈ POU ANPLWAYE YO
PWOTEJE DWA OU POU TRAVAY
E Pandan 180 jou apre dat ekspirasyon EAD ou a, ou
kapab montre EAD TPS ou (men se pa DED) avèk avi
resi I-797C a ki montre kote gouvènman an te
resevwa aplikasyon pou renouvle EAD ou a. Si avi
Achiv Federal la otomatikman pwolonje EAD ou a,
ou pa bezwen montre yon I-797C avèk EAD ou a pou
kontinye travay. Pou plis enfòmasyon sou
pwolonjman otomatik EAD yo, al li USCIS Fact Sheet,
Handbook for Employers on Completing the Form I-9
la, avèk 8 C.F.R. 274a.2(b)(1)(vii). Ou kapab rele tou
Seksyon Dwa pou Imigran ak Anplwaye (IER) pou plis
enfòmasyon.
Complete printed PDF page 1
Depatman Jistis Ameriken, Divizyon Dwa Sivil, Seksyon Dwa pou Imigran ak Anplwaye, Oktòb 2018
Bwochi sa a se pa yon aksyon final ajans la, li pa gen okenn angajman legal epi yo kapab anile oswa modifye li tou depann
de diskresyon Depatman an, dapre lwa ki aplikab yo. Bwochi sa a pa etabli responsablite pou okenn ranfòsman legal ki
depase sa ki obligatwa dapre kondisyon lwa ki aplikab yo, règleman oswa obligasyon jidisyè anvan yo.
Seksyon Dwa pou Imigran ak Anplwaye (IER)
1-800-255-7688
www.justice.gov/ier
Apèl yo gen dwa anonim epitou gen sèvis lang yo ki
disponib.
TTY 1-800-237-2515
EAD w valab jis nan fen peryòd pwolongasyon EAD
an.
Si w gen yon EAD ki te pwolonje otomatikman,
EAD ou a oswa konbinezon EAD w ak I-797C yo se
dokiman Fòm I-9 ki valab jis nan fen peryòd
pwolongasyon EAD a. Ou kapab jwenn plis
enfòmasyon sou sa lè w kontakte IER ak nan
8 C.F.R. 274a.2(b)(1)(vii). Si patwon w pa aksepte
dokiman w oswa mande plis dokiman, rele IER epi
nou ap kapab ede w. Depann de enfòmasyon yo, sa
kapab vyole tou lwa ranfòsman IER dapre
8 U.S.C. § 1324b(a)(6).
Apati fen peryòd pwolongasyon EAD a, ou bezwen
montre patwon w ou elijib pou kontinye travay.
Lè peryòd pwolongasyon EAD a fini, EAD sa a pa
valab ankò. Dapre yon lòt lwa ki diferan
(8 U.S.C. § 1324a), patwon w bezwen wè yon lòt
dokiman pou Fòm I-9 la pou wè si wi ou non ou
otorize pou travay. Apati fen peryòd pwolongasyon
sa a, ou ta dwe genyen nouvo EAD ou a. Ou kapab
montre patwon w dokiman sa a oswa nenpòt lòt
dokiman nan Lis A oswa Lis C ki akseptab.
Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon Ameriken
(USCIS)
1-800-375-5283
www.uscis.gov/tps
TTY 1-800-767-1833
Complete printed PDF page 2

Setzen Sie Ihre Recherche in ChatGPT oder Claude fort

Verbinden Sie Omnilex, um den Rechtskorpus über Ihren KI-Assistenten zu durchsuchen.